jedi 26 jen 2014, 07:12 GMT

Kreyòl Pale Kreyòl Konprann

Nan segman sa a, Jacques Jean-Baptiste bay detay sou siyifikasyon mo, ekspresyon ak pwovèb kreyòl. Oditè voye imèl, telefone e ekri lèt pou di kijan yo renmen koute Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann, yon segman ki pase chak madi nan emisyon mitan jounen an.
Plis

Nouvèl an vè

Se yon randevou ak oditè yo kote chak vandredi apremidi J. Lyonel Desmarattes prezante yon rezime nouvèl semèn nan an vè ak rim, avèk yon mizik rap kòm twaldefon. Se yon fason pou l prepare yo pou wikenn nan.
Plis
Javascript ou a fèmen oubyen ou gen yon ansyen vèsyon Adobe Flash Player. telechaje dènye Flashplayer a.
Entèvyou Prezidan Michel Martelly avèk Ronald César nan katye jeneral VOA nan Washington, 7 fevriye 2014.i
|| 0:00:00
...
 
🔇
X
10.02.2014

Diskou Prestasyon Sèman 44e Prezidan Lèzetazini an: Barack Obama

"Gran vwayaj nou an pap bout toutotan nou pa rive nan pwen kote okenn sitwayen pa oblije tann plizyè èdtan pou l ekzèse dwa l pou l vote. Gran vwayaj nou an pap bout toutotan nou pa jwenn yon meyè mwayen pou n akeyi imigran kap goumen, kap viv ak espwa, ki kontinye wè Etazini kòm yon tè opòtinite; toutotan nou pa wè jèn etidyan ak jèn enjenyè antre sou mache travay nou an olye nou mete yo deyò nan peyi nou an."
Plis

Yon nouvo pwojè ki sèvi ak medya sosyal

Se repòtaj jounalis sitwayen ayisyen fè sou aktyalite a nan peyi yo. Se yon nouvo inisyativ ki ede nou kouvri evennman yo apati de pèspektiv lòt kòlèg. Klike sou imaj la pou w kapab wè nouvèl ak enfòmasyon jounalis ayisyen yo voye depi Ayiti.
Plis

Sante

Nou pale de fason moun kapab rete an sante oubyen jwenn tretman si yo menm oubyen yon manm fanmi yo malad. Nou envite doktè, enfimyè ak lòt travayè lasante ki bay oditè yo bon jan konsèy sou fason pou yo pwoteje sante yo.
Plis

Lib Tribin/Dyaloge ak Etazini

Yon pwogram ki analize e devlope tèm k ap fè aktyalite a. Nou envite oditè yo poze kesyon prezantatè yo ak envite yo reponn nan yon deba kote koutwazi se règ jeneral ak eksepsyon an menm tan. Dyaloge ak Etazini pase chak mèkredi ak vandredi nan pwogram mitan jounen an.
Plis

Swiv nou sou rezo sosyal yo